Kijan w ka gen yon kont Antrepriz pou w vin yon Patnè MonCash?
Ou ta renmen resevwa pèman kliyan ou yo sou MonCash, fè pewòl anplwaye ou yo oubyen voye lajan bay lòt moun? Ekip Sèvis MonCash Biznis la envite w li paragraf sa yo, ki gen bon jan enfòmasyon sou tout kalite sèvis nou yo (Machann, Biller, Prefunded, Pewòl).
Machann: Pèmèt yon antrepriz oubyen yon komèsan kolekte pèman pou sèvis ak pwodui li vann yo, sou telefòn (konpoze *202# oubyen pase sou aplikasyon MonCash la / kòd QR la) epi sou entènèt (MonCash Button).
3 kategori Machann:
- Bronze: pou komèsan ki ka resevwa jiska 100,000 goud.
- Silver: fèt pou antrepriz mwayen ki ka resevwa jiska 2 milyon goud. Kòb sa a ka transfere gratis sou yon kont komèsyal Sogebank, oswa ou ka retire lajan w dirèkteman kay yon Ajan.
- Gold: fèt pou gwo antrepriz ki gen yon kont an goud nan Sogebank (obligatwa). Kont Machann sa a ka resevwa jiska 3 milyon goud, epi lajan ou kolekte yo ka transfere sou kont labank lan ak yon virman gratis.
Biller: Pèmèt antrepriz yo ofri sèvis renouvèlman epi kolekte pèman fakti yo a distans (USSD ak MonCash Button). Egzanp: Nu-TV, CANAL PLUS, FINCA, PARYAJ PAM, LISA, elatriye.
Si w gen yon sit entènèt epi w ta renmen resevwa pèman ou yo an liy, n ap envite w teste sèvis MonCash Button lan. Pou sa, klike sou lyen sa a pou w kreye yon kont pou w ka fè tranzaksyon nan espas tès an liy lan.
Prefunded: Bay antrepriz yo posibilite pou yo transfere lajan sou kont MonCash kliyan yo. Egzanp: itilize l tankou yon ti kès. Antrepriz sa yo oblije gen yon kont labank an goud.
Payroll: Pèmèt antrepriz yo peye anplwaye yo dirèkteman sou kont MonCash. Li fasilite òganizasyon yo tou pou yo fè don bay moun.
Koupon: Sèvis sa a devlope pou soutni pwogram sekirite alimantè ak aksè a manje lokal oswa lòt pwodui pou moun ki vilnerab. Chak moun resevwa yon nimewo koupon pèsonalize depi premye fwa, epi nimewo sa a resevwa provizyon selon bezwen yo ak demand lan. Ou pa oblije gen yon SIM Digicel pou w resevwa epi retire lajan.
Ou ka vizite sit entènèt nou an lè w klike sou Entreprise (moncashdfs.com) pou plis enfòmasyon,
oubyen kontakte nou soti lendi rive vandredi, de 8è a.m. rive 5è p.m.:
ekri nou yon imèl.
* Depi w fin soumèt dokiman yo, ranpli epi siyen fòmilè KYC a, n ap voye dosye w la nan Konfòmite pou apwobasyon. Si dosye w la apwouve, n ap kontakte w pou siyen kontra a epi swiv yon seyans fòmasyon, lè nou fin kreye kont lan.